Latest topics
Who is online?
In total there are 5 users online :: 0 Registered, 0 Hidden and 5 Guests :: 2 BotsNone
Most users ever online was 259 on Sun Jul 04, 2021 12:48 pm
Revelasyon Chapit 8
LEVANJILTV :: THE BIBLE :: REVELASYON
Page 1 of 1
Revelasyon Chapit 8
Revelasyon 8
1¶ Lè ti Mouton an kase setièm sele a, pandan yon demi (1/2) lè de tan, ou pa t' tande okenn bri nan sièl la.
2Apre sa, mwen wè sèt zanj ki te kanpe devan Bondye. Yo ba yo sèt klewon.
3Yon lòt zanj vin kanpe toupre lotèl la, li te gen yon lansanswa an lò nan men li. Yo ba l' anpil lansan pou l' te ofri bay Bondye ansanm ak lapriyè pèp Bondye a, sou lotèl an lò ki te devan fòtèy la.
4Lafimen lansan li t'ap boule a pran moute nan men zanj ki te devan Bondye a, ansanm ak lapriyè pèp Bondye a.
5Apre sa, zanj lan pran lansanswa a, li plen l' ak dife ki te sou lotèl la, li jete l' sou latè. Lè sa a, te gen kout loraj, zèklè, divès kalite bri ak tranblemanntè.
6Sèt zanj ki te gen sèt klewon yo pare kò yo pou yo kònen.
7¶ Premie zanj lan kònen klewon l' lan. Lagrèl, dife mele ak san tonbe sou latè. Yon tiè (1/3) nan latè ak yon tiè nan piebwa yo boule ansanm ak tout zèb vèt yo.
8Apre sa, dezyèm zanj lan kònen klewon l' lan. Menm lè a, yo jete yon bagay tankou yon gwo mòn k'ap boule nan lanmè a. Yon tiè (1/3) dlo lanmè a tounen san.
9Yon tiè nan tout bèt vivan nan lanmè a mouri. Yon tiè nan batiman ki sou lanmè a peri.
10Apre sa, twazièm zanj lan kònen klewon l' lan. Yon gwo zetwal ki t'ap boule tankou yon bwa chandèl tonbe soti nan sièl la. Li tonbe sou yon tiè nan tout larivyè ak sous dlo yo.
11Yo te rele zetwal sa a: Lapsent. Yon tiè nan tout dlo yo vin anmè kou fièl. Anpil moun ki te bwè dlo sa a te mouri, paske dlo a te vin anmè.
12Apre sa, katriyèm zanj lan kònen klewon l' lan. Yon tiè (1/3) nan solèy la, yon tiè nan lalin lan, ak yon tiè nan zetwal yo domaje. Konsa, yo tout yo pèdi yon tiè nan limiè yo konn bay la. Pandan yon tiè lajounen an te fè nwa kou lank. Konsa tou, pandan yon tiè lannwit lan te fè tou nwa.
13Mwen gade ankò, mwen tande yon gwo malfini ki t'ap vole byen wo nan sièl la. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Ala de malè! Sa pral rèd nèt pou moun ki sou latè a, lè kout klewon twa lòt zanj yo va kònen.

Similar topics
» Revelasyon Chapit 21
» Revelasyon Chapit 22
» Revelasyon Chapit 9
» Revelasyon Chapit 10
» Revelasyon Chapit 11
» Revelasyon Chapit 22
» Revelasyon Chapit 9
» Revelasyon Chapit 10
» Revelasyon Chapit 11
LEVANJILTV :: THE BIBLE :: REVELASYON
Page 1 of 1
Permissions in this forum:
You cannot reply to topics in this forum
|
|
Tue Jul 10, 2012 10:14 pm by Ayiti lavni
» WHAT AGE IS THE BEST TIME TO GET MARRIED AND WHAT DOES IT REQUIRES?
Sat Jun 25, 2011 12:08 pm by mama
» BENEDICT LAMARTINE EASTER CONCERT 2010 IN BROOKLYN NEW YORK BACK STAGE AND INTERVIEW
Wed Sep 29, 2010 4:02 pm by Darynn_2_David
» (Cont'd from Facebook...)How does God feel about tattoos? ..."Everyone else does it."
Wed Sep 08, 2010 9:02 pm by His Glory!
» Condemnation??? "...easier for camel to go through eye of a needle than for a person of this generation to enter kingdom of heaven."
Wed Sep 08, 2010 5:12 pm by His Glory!
» HEALING CENTER IN LEVITTOWN PENNSYLVANIA APRIL 2010 SERVICE HIGHLIGHTS
Fri Jul 16, 2010 9:04 pm by ya gen bezwenm
» ELSHAMA MUSIC VIDEO PREMIER FOR HAITI TITLED "BOKOTEM" WATCH NOW
Fri Jul 16, 2010 8:59 pm by ya gen bezwenm
» MIRACLE GOSPEL BAND EXCLUSIVE SONGS
Thu Jun 24, 2010 6:02 pm by His Glory!
» Do you believe in "the one?" How do you know he or she is the one?
Thu Jun 24, 2010 5:51 pm by His Glory!