Latest topics
Who is online?
In total there is 0 user online :: 0 Registered, 0 Hidden and 0 Guests :: 1 BotNone
Most users ever online was 259 on Sun Jul 04, 2021 12:48 pm
Galasi Chapit 3
LEVANJILTV :: THE BIBLE :: GALASI
Page 1 of 1
Galasi Chapit 3
Galasi 3
1¶ Nou menm moun peyi Galasi, ala sòt nou sòt! Kilès nou kite pran tèt nou konsa, nou menm ki te konnen tout ti detay sou jan Kris la te mouri sou kwa a?
2Mwen ta renmen nou reponn yon sèl ti keksyon sa a ban mwen: Eske se paske nou te fè tou sa lalwa a te mande kifè nou te resevwa Lespri Bondye a, osinon èske se paske nou te tande bon nouvèl la?
3Ki jan nou fè egare konsa? Nou konmanse ak pouvwa Lespri Bondye a, koulye a nou vle fini ak pwòp fòs kouraj nou?
4Eske se pou gremesi nou te fè esperyans sa yo? Non, se pa vre, se pa ka pou gremesi.
5Lè Bondye ban nou Lespri l', lè li fè mirak sa yo nan mitan nou, èske li fè sa paske nou fè sa lalwa mande, osinon paske nou mete konfyans nou nan li lè nou tande bon nouvèl la?
6¶ Men sa ki ekri nan Liv la menm: Abraram te mete konfyans li nan Bondye. Se poutèt sa Bondye te fè l' gras.
7Konsa, se pou nou konprann sa byen: Moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo menm ki pitit Abraram.
8Moun ki te ekri nan Liv la te wè davans Bondye t'ap fè moun ki pa jwif yo gras tou poutèt konfyans yo ta gen nan li. Se konsa li bay Abraram bon nouvèl sa a davans tou: Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.
9Se paske Abraram te mete konfyans li nan Bondye kifè Bondye te beni li. Konsa, tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye va resevwa benediksyon Bondye a ansanm ak Abraram.
10Moun ki mete nan lide yo lalwa a ka sove yo, yo anba madichon. Men sa ki ekri nan Liv la: Madichon pou tout moun ki pa fè tou sa ki ekri nan Liv lalwa a tout tan.
11Lalwa pa kapab fè Bondye fè pesonn gras. Se bagay ki klè. Men sa ki ekri nan Liv la: Moun Bondye fè gras paske yo gen konfyans nan li, se yo menm ki va gen lavi.
12Lalwa pa gen anyen pou l' wè ak lafwa. Okontrè, men sa ki ekri nan Liv la: Moun k'ap fè tou sa lalwa mande a va jwenn lavi ladan l'.
13Kris la delivre nou anba madichon lalwa lè li te pran madichon an nan plas nou. Se konsa sa te ekri nan Liv la: Madichon pou moun yo pandye sou bwa a.
14Sa te fèt konsa pou moun ki pa jwif yo te ka rive resevwa benediksyon Bondye te pwomèt Abraram lan gremesi Jezikri, pou nou tout te ka resevwa Lespri Bondye te pwomèt la, paske nou te mete konfyans nou nan li.
15Frè m' yo, mwen pral pran egzanp sou yon bagay ki rive chak jou: Lè yon moun fè testaman l' byen fèt, pesonn pa ka kase l', ni pesonn pa ka ajoute anyen ladan li.
16Enben, Bondye te fè pwomès sa yo pou Abraram ak pitit pitit li a. Yo pa t' ekri: ak pitit pitit li yo, tankou si yo te vle pale sou anpil moun, men yo ekri: ak pitit pitit ou a. Yo t'ap pale sou yon sèl moun, moun sa a se te Kris la.
17Men sa mwen vle di: Bondye te fè testaman sa a, epi li te pwomèt li t'ap kenbe li. Lalwa a menm te vini katsantrant (430) an apre sa. Se sak fè, lalwa a pa kapab kase testaman sa a, ni li pa kapab fè pwomès la tonbe.
18Paske, si kado Bondye bay la te chita sou lalwa Moyiz la, se pa ta yon pwomès ankò kado a ta ye. Men, Bondye te bay Abraram favè sa a paske li te pwomèt li sa.
19¶ Poukisa yo te bay lalwa a menm? Yo te ajoute lalwa a pou l' te ka fè nou konnen bagay ki kont volonte Bondye. Lalwa a te fèt pou l' te la toutotan pitit pitit Abraram lan pa t' ankò vini, paske se pou li Bondye te fè pwomès la. Se zanj Bondye yo ki te bay lalwa, epi se yon nonm ki te sèvi entèmedyè.
20Lè yon moun pou kont li, li pa bezwen entèmedyè. Bondye pou kont li.
21Eske lalwa Moyiz la kont pwomès Bondye yo? Men non. Si zanj yo te bay yon lalwa ki te kapab bay moun lavi, enben, lalwa sa a ta kapab fè Bondye fè moun gras.
22Men, Liv la di: Tout bagay anba pouvwa peche a. Konsa, moun ki gen lafwa, se yo ki va resevwa kado Bondye te pwomèt yo, paske yo te mete konfyans yo nan Jezikri.
23Anvan lè a te rive pou n' te ka gen konfyans, lalwa te kenbe nou prizonye anba men l', jouk tan pou Bondye te devwale kalite konfyans sa a.
24Konsa, lalwa te tankou yon moun ki la pou veye nou, jouk lè Kris la te gen pou vini pou n' te ka kwè nan li pou Bondye te fè nou gras.
25Men koulye a, lè a rive pou nou gen konfyans nan Kris la; nou pa anba men moun ki t'ap veye nou an ankò.
26Se paske nou gen konfyans nan Jezikri kifè nou se pitit Bondye.
27Nou tout, nou te resevwa batèm pou n' te ka viv ansanm ak Kris la, nou mete sou nou kalite ki nan Kris yo.
28Koulye a pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri.
29Si ou se moun Kris la, enben ou se pitit pitit Abraram. Ou gen pou resevwa eritaj Bondye te pwomèt la.

Permissions in this forum:
You cannot reply to topics in this forum
|
|
Tue Jul 10, 2012 10:14 pm by Ayiti lavni
» WHAT AGE IS THE BEST TIME TO GET MARRIED AND WHAT DOES IT REQUIRES?
Sat Jun 25, 2011 12:08 pm by mama
» BENEDICT LAMARTINE EASTER CONCERT 2010 IN BROOKLYN NEW YORK BACK STAGE AND INTERVIEW
Wed Sep 29, 2010 4:02 pm by Darynn_2_David
» (Cont'd from Facebook...)How does God feel about tattoos? ..."Everyone else does it."
Wed Sep 08, 2010 9:02 pm by His Glory!
» Condemnation??? "...easier for camel to go through eye of a needle than for a person of this generation to enter kingdom of heaven."
Wed Sep 08, 2010 5:12 pm by His Glory!
» HEALING CENTER IN LEVITTOWN PENNSYLVANIA APRIL 2010 SERVICE HIGHLIGHTS
Fri Jul 16, 2010 9:04 pm by ya gen bezwenm
» ELSHAMA MUSIC VIDEO PREMIER FOR HAITI TITLED "BOKOTEM" WATCH NOW
Fri Jul 16, 2010 8:59 pm by ya gen bezwenm
» MIRACLE GOSPEL BAND EXCLUSIVE SONGS
Thu Jun 24, 2010 6:02 pm by His Glory!
» Do you believe in "the one?" How do you know he or she is the one?
Thu Jun 24, 2010 5:51 pm by His Glory!