Latest topics
Who is online?
In total there are 4 users online :: 0 Registered, 0 Hidden and 4 Guests :: 1 BotNone
Most users ever online was 259 on Sun Jul 04, 2021 12:48 pm
Rit Chapit 4
LEVANJILTV :: THE BIBLE :: RIT
Page 1 of 1
Rit Chapit 4
Rit 4
1¶ Bòz ale nan pòtay lavil la, kote moun yo konn reyini an, epi li chita. Lè sa a, yon moun vin ap pase. Se te nèg ki te fanmi Elimelèk pi pre pase l' la, nonm Bòz t'ap pale Rit la. Bòz rele l', li di l': -Entèl, vini m' pale ou, monchè! Chita non! Nonm lan al jwenn li, li chita.
2Bòz fè rele dis nan chèf fanmi lavil la, li fè yo chita la tou. Lè yo fin chita,
3li di nonm ki te fanmi pre Elimelèk la: -Naomi tounen soti nan peyi Moab. Koulye a, li ta vle vann jaden ki te pou Elimelèk, fanmi nou an.
4Mwen kwè se devwa m' pou m' fè ou konnen sa. Si ou vle achte tè a, ou mèt di l' devan dis mesye chèf yo ki chita la a, paske se ou menm an premye lalwa rekonèt dwa sa a. Konsa tou, si ou pa vle, ou mèt di l', paske apre ou, se mwen menm ki gen dwa sa a. Nonm lan di l': -M'ap achte l'.
5Lè sa a Bòz di l': -Bon. Mwen byen kontan. Men, si ou achte jaden an nan men Naomi ak Rit, ti fanm peyi Moab la, vèv pitit Elimelèk la, se pou Rit vin madanm ou tou pou non fanmi defen an pa pèdi, epi pou tè a ka rete nan fanmi defen an tou.
6Lè sa a, nonm lan reponn: -Si se konsa, mwen p'ap ka achte tè a. Paske, si m' achte l', pitit mwen riske pèdi nan sa m'ap kite pou yo a. Ou mèt achte l' ou menm. Mwen p'ap fè zafè a ankò.
7Nan tan sa a, nan peyi Izrayèl, lè yon moun pase dwa li genyen pou achte osinon pou twoke yon tè bay yon lòt moun, men sa yo te konn fè: Moun ki te gen dwa a wete yon grenn sapat nan pye l', li bay lòt moun lan li. Se konsa moun Izrayèl yo te konn fè tout moun konnen zafè a te regle nèt.
8Se poutèt sa, lè nonm lan di Bòz ou mèt achte tè a, li wete yon grenn sapat nan pye l', li lonje l' bay Bòz.
9¶ Lè sa a, Bòz di chèf fanmi yo ak lòt moun yo ki te la a: -Nou tout nou temwen, pa vre! Jòdi a, yo ban m' dwa achte nan men Naomi tou sa ki te pou Elimelèk ak de pitit gason l' yo, Maklon ak Kiljon.
10An menm tan tou, yo ban m' dwa pran Rit, vèv Maklon an, pou madanm mwen. Konsa, tè a va rete nan fanmi defen an: Non defen an p'ap pèdi non plis nan lavil la. N'a sèvi m' temwen pou sa ki rive jòdi a.
11Chèf yo ak lòt moun yo di l': -Wi, nou temwen. N'ap lapriyè Seyè a pou madanm sa a, ki pral antre lakay ou a, tankou Rachèl ak Leya ki te fè anpil pitit pou Jakòb, zansèt pèp Izrayèl la. Se pou ou vin rich anpil nan branch fanmi Efrat la. Se pou ou gen bon repitasyon nan lavil Betleyèm.
12Se pou pitit Seyè a va ba ou ak jenn fanm sa a fè onè fanmi an, menm jan Perèz, pitit gason Jida ak Tama a, te fè l' pou fanmi l'.
13¶ Se konsa, Bòz pran Rit pou madanm li. Seyè a te beni Rit. Rit vin ansent, li fè yon pitit gason.
14Medam lavil yo di Naomi konsa: -Lwanj pou Seyè a! Jòdi a li ba ou yon pitit gason ki pral pran swen ou. N'ap lapriyè pou ti gason sa a kite non l' nan peyi Izrayèl la.
15Bèlfi ou la gen tan renmen ou. Li fè pou ou sa sèt pitit gason pa ta ka fè. Koulye a, li ba ou yon pitit pitit ki pral fè ou anvi viv ankò, yon pitit gason ki pral tounen baton vyeyès ou.
16Naomi pran ti bebe a, li kenbe l' lakay li, li pran swen li tankou pitit li.
17Medam yo ki rete nan vwazinaj la rele ti gason an Obèd. Yo mache di tout moun: Naomi gen yon lòt pitit gason. Se Obèd sa a ki pita vin gen yon pitit gason yo te rele Izayi, Izayi sa a ki te papa David.
18Men non zansèt David yo depi Perèz: Perèz te papa Ezwon,
19Ezwon te papa Ram. Ram te papa Aminadad,
20Aminadad te papa Nachon. Nachon te papa Salmon,
21Salmon te papa Bòz. Bòz te papa Obèd,
22Obèd te papa Izayi, epi Izayi te papa David.

Permissions in this forum:
You cannot reply to topics in this forum
|
|
Tue Jul 10, 2012 10:14 pm by Ayiti lavni
» WHAT AGE IS THE BEST TIME TO GET MARRIED AND WHAT DOES IT REQUIRES?
Sat Jun 25, 2011 12:08 pm by mama
» BENEDICT LAMARTINE EASTER CONCERT 2010 IN BROOKLYN NEW YORK BACK STAGE AND INTERVIEW
Wed Sep 29, 2010 4:02 pm by Darynn_2_David
» (Cont'd from Facebook...)How does God feel about tattoos? ..."Everyone else does it."
Wed Sep 08, 2010 9:02 pm by His Glory!
» Condemnation??? "...easier for camel to go through eye of a needle than for a person of this generation to enter kingdom of heaven."
Wed Sep 08, 2010 5:12 pm by His Glory!
» HEALING CENTER IN LEVITTOWN PENNSYLVANIA APRIL 2010 SERVICE HIGHLIGHTS
Fri Jul 16, 2010 9:04 pm by ya gen bezwenm
» ELSHAMA MUSIC VIDEO PREMIER FOR HAITI TITLED "BOKOTEM" WATCH NOW
Fri Jul 16, 2010 8:59 pm by ya gen bezwenm
» MIRACLE GOSPEL BAND EXCLUSIVE SONGS
Thu Jun 24, 2010 6:02 pm by His Glory!
» Do you believe in "the one?" How do you know he or she is the one?
Thu Jun 24, 2010 5:51 pm by His Glory!