Latest topics
Who is online?
In total there are 5 users online :: 0 Registered, 0 Hidden and 5 Guests :: 1 BotNone
Most users ever online was 259 on Sun Jul 04, 2021 12:48 pm
Plenn Chapit 5
LEVANJILTV :: THE BIBLE :: PLENN
Page 1 of 1
Plenn Chapit 5
Plenn 5
1¶ Seyè, gade sa ki te rive nou non! Voye je gade nou. Wè nan ki mizè nou ye!
2Peyi nou an nan men moun lòt nasyon! Yo pran kay nou pou yo.
3Nou se timoun san papa. Manman nou tankou fanm ki pèdi mari yo.
4Se achte pou n' achte dlo pou nou bwè. Si nou pa gen lajan, nou pa jwenn bwa pou nou boule.
5N'ap travay di tankou bourik, tankou bèf kabwa. Nou bouke, nou pa ka pran kanpo.
6Pou nou ka jwenn manje pou nou manje nou blije ap lonje men bay peyi Lejip ak peyi Lasiri.
7Zansèt nou yo fè peche. Yo pa la ankò! Se nou menm k'ap peye pou sa yo te fè.
8Moun k'ap gouvènen nou yo se esklav yo ye. Pesonn pa ka delivre nou anba men yo.
9Se gwo danje lè nou soti al dèyè manje. Ansasen toupatou nan peyi a.
10Grangou ban nou lafyèb. Kò nou cho kou dife.
11Yo fè kadejak sou madanm nou sou mòn Siyon an. Nan tout ti bouk peyi Jida yo yo kenbe pitit fi nou yo.
12Yo pran chèf nou yo, yo pann yo. Yo derespekte granmoun nou yo.
13Yo fòse jenn gason nou yo rale moulen. Ti gason nou yo ap titibe anba gwo chay bwa.
14Granmoun yo pa chita nan pòtay lavil la ankò. Jennmoun nou yo pa chante ankò.
15Pa gen kè kontan lakay nou. Nou pa danse ankò! Lapenn plen kè nou!
16Tou sa ki te konn ban nou kè kontan disparèt. Nou te peche, malè tonbe sou nou.
17¶ Nou malad nan fon kè nou, nou pa ka wè tèlman n'ap kriye,
18paske mòn Siyon an tounen savann. Se bèt nan bwa ase ki rete la.
19Men ou menm, Seyè, ou wa pou tou tan. W'ap gouvènen jouk sa kaba.
20Poukisa ou lage nou pou tout tan sa a? Gen lè ou p'ap janm chonje nou ankò!
21Seyè, fè nou tounen vin jwenn ou non! Fè nou tounen vin jwenn ou! Fè nou viv jan nou te konn viv nan tan lontan an non!
22Eske ou voye nou jete pou tout bon? Pou di ou p'ap janm sispann fache sou nou?

Permissions in this forum:
You cannot reply to topics in this forum
|
|
Tue Jul 10, 2012 10:14 pm by Ayiti lavni
» WHAT AGE IS THE BEST TIME TO GET MARRIED AND WHAT DOES IT REQUIRES?
Sat Jun 25, 2011 12:08 pm by mama
» BENEDICT LAMARTINE EASTER CONCERT 2010 IN BROOKLYN NEW YORK BACK STAGE AND INTERVIEW
Wed Sep 29, 2010 4:02 pm by Darynn_2_David
» (Cont'd from Facebook...)How does God feel about tattoos? ..."Everyone else does it."
Wed Sep 08, 2010 9:02 pm by His Glory!
» Condemnation??? "...easier for camel to go through eye of a needle than for a person of this generation to enter kingdom of heaven."
Wed Sep 08, 2010 5:12 pm by His Glory!
» HEALING CENTER IN LEVITTOWN PENNSYLVANIA APRIL 2010 SERVICE HIGHLIGHTS
Fri Jul 16, 2010 9:04 pm by ya gen bezwenm
» ELSHAMA MUSIC VIDEO PREMIER FOR HAITI TITLED "BOKOTEM" WATCH NOW
Fri Jul 16, 2010 8:59 pm by ya gen bezwenm
» MIRACLE GOSPEL BAND EXCLUSIVE SONGS
Thu Jun 24, 2010 6:02 pm by His Glory!
» Do you believe in "the one?" How do you know he or she is the one?
Thu Jun 24, 2010 5:51 pm by His Glory!