LEVANJILTV
Would you like to react to this message? Create an account in a few clicks or log in to continue.
Poll
Who is online?
In total there are 10 users online :: 0 Registered, 0 Hidden and 10 Guests

None

[ View the whole list ]


Most users ever online was 259 on Sun Jul 04, 2021 12:48 pm

Kolos Chapit 4

Go down

Kolos Chapit 4 Empty Kolos Chapit 4

Post by Levanjiltv Fri Oct 09, 2009 11:17 pm

Kolòs 4
1¶ Nou menm mèt yo, aji byen ak domestik nou yo, san fè okenn lenjistis. Chonje byen, nou menm tou nou gen yon mèt nan syèl la.
2¶ Pa janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran nou. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi.

3Anmenmtan, lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ban m' okazyon pou m' fè konnen pawòl li a, pou m' fè lèzòm konnen sekrè Kris la. Se poutèt sekrè sa a menm mwen nan prizon koulye a.

4Lapriyè pou m' ka rive fè lèzòm wè l' aklè, pou m' ka pale jan mwen dwe pale a.

5¶ Pran prekosyon pou nou aji byen avè moun ki pa kretyen yo. Pa kite okenn chans pase.

6Lè n'ap pale, di bagay ki pou fè yo kontan, ki pou enterese yo. Konn ki jan pou nou reponn chak moun.

7¶ Frè Tichik se yon bon zanmi m', yon bon sèvitè Kris la k'ap ban m' yon bon konkou nan sèvis Seyè a. La ban nou tout nouvèl mwen.

8Mwen voye l' ban nou tout espre pou l' ka di nou jan mwen ye, pou l' ka remoute kouraj nou.

9Frè Onezim ki moun menm kote ak nou ap vin ansanm avè li. Se yon bon zanmi mwen renmen anpil. Yo tou de va di nou sa k'ap pase bò isit.

10Aristak ki nan prizon ansanm avè m' voye bonjou pou nou. Mak, kouzen Banabas la, voye bonjou tou. (Mwen te deja di nou sa pou nou fè pou li: resevwa l' byen si l' vin lakay nou).

11Jezi, ki gen yon ti non Joustous, voye bonjou pou nou tou. Twa mesye sa yo, se yo menm sèlman pami jwif yo k'ap travay avè m' pou gouvènman Bondye ki wa a. Yo te ban m' anpil kouraj.

12Epafras, ki moun Kolòs tou, voye bonjou pou nou. Sèvitè Kris sa a pa manke lapriyè anpil pou nou pou nou ka rete fèm, pou nou ka fin grandi nèt nan konfyans nou nan Bondye, pou nou ka toujou byen dispoze pou fè tou sa Bondye mande nou.

13Mwen ka di nou sa: l'ap fatige kò l' anpil pou nou menm moun Kolòs yo, pou moun Lawodise yo ansanm ak moun Yerapolis yo.

14Lik, bon dòktè mwen an, ansanm ak Demas voye bonjou pou nou tou.

15Di tout frè Lawodise yo bonjou. Pa bliye Nenfas ansanm ak tout frè ki konn reyini lakay li yo.

16Lè n'a fin li lèt sa a, voye l' bay legliz Lawodise a pou yo ka li l' tou. Nou menm tou, n'a li lèt moun Lawodise yo va voye ban nou an.

17Di Achip pou mwen: Fè atansyon. Sèvis yo ba l' fè nan travay Seyè a, se pou l' fè l' byen.

18Se mwen menm Pòl, ak men pa m', k'ap ekri nou koulye a: Bonjou pou nou tout. Pa bliye m' nan prizon an. benediksyon Bondye pou nou tout.
Levanjiltv
Levanjiltv
Admin
Admin

Male Number of posts : 460
Age : 42
Location : PHILADELPHIA
Registration date : 2008-04-05

http://www.levanjiltv.com

Back to top Go down

Back to top

- Similar topics

 
Permissions in this forum:
You cannot reply to topics in this forum