Latest topics
Who is online?
In total there is 1 user online :: 0 Registered, 0 Hidden and 1 Guest :: 2 BotsNone
Most users ever online was 259 on Sun Jul 04, 2021 12:48 pm
Jowel Chapit 3
LEVANJILTV :: THE BIBLE :: JOWEL
Page 1 of 1
Jowel Chapit 3
Jowèl 3
1¶ Seyè a di ankò: -Lè sa a, jou sa yo, m'a fè peyi Jida a ak lavil Jerizalèm kanpe ankò.
2Apre sa, m'a sanble tout nasyon yo. M'a fè yo desann nan Fon Jijman Bondye a. Se la mwen pral jije yo pou tou sa yo fè Izrayèl, pèp mwen an, moun pa m' yo. Paske, se yo ki te gaye moun pèp Izrayèl yo nan mitan lòt nasyon yo. Lèfini, yo te separe peyi mwen an.
3Yo te tire osò pou konnen pou ki moun prizonye yo ap ye. Yo te vann ti gason yo pou yo te ka gen lajan pou al nan jennès. Yo te vann tifi yo pou yo te ka gen lajan pou achte bweson, Lèfini, yo bwè jouk yo sou.
4Nou menm moun lavil Tir ak moun lavil Sidon, sa n'ap chache fè m' konsa? Nou menm tou ki rete nan tout zòn peyi Filisti a, se chache n'ap chache fè m' peye pou sa m' te fè nou? Si nou vle tire revanj nou sou mwen, enben, anvan nou bat je nou, m'ap fè nou peye sa.
5Nou te pran tout ajan ak tout lò mwen yo, nou pote tout bèl gwo richès mwen yo ale nan tanp nou yo.
6Nou pran moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo, nou mennen yo byen lwen peyi yo: n' al vann yo bay moun peyi Lagrès.
7Koulye a, mwen pral fè yo soti kote nou te vann yo a. Mwen pral fè nou sa nou te fè yo a.
8Mwen pral vann pitit gason ak pitit fi nou yo. Mwen pral lage yo nan men moun Jida yo. Yo menm, yo pral vann yo bay sabeyen yo ki rete nan yon peyi byen lwen. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
9¶ Mache fè piblikasyon sa a nan mitan tout nasyon yo! Pare nou pou n' al fè lagè pou Bondye! Rele tout vanyan gason yo! Sanble tout sòlda yo! Fè yo mache pran yo!
10Pran lam fè ki nan chari nou yo fè nepe. Pran kouto digo nou yo, fè fwenn ak yo. Menm moun ki pi fèb yo pral di yo vanyan gason.
11Nou menm, tout nasyon ki sou lizyè fwontyè peyi a, prese non! Kouri vini! Sanble nan fon an! Seyè, voye vanyan sòlda ou yo al atake yo!
12Se pou tout nasyon ki sou lizyè fwontyè peyi a sanble tout lame yo pou yo vini nan Fon Jijman an, paske se la mwen pral chita pou m' jije tout nasyon ki sou lizyè fwontyè peyi a.
13Moun sa yo twò mechan. Koupe tèt yo tankou lè n'ap ranmase rekòt ki mi. Kraze yo anba pye nou tankou lè n'ap kraze rezen nan basen pou fè diven. Barik ji rezen yo plen ap debòde.
14Foul moun sou foul moun nan Fon Jijman an! Paske jou Seyè a pa lwen rive nan Fon Jijman an.
15Solèy la ak lalin lan vin tou nwa. Zetwal yo pa klere nan syèl la.
16Seyè a rete sou mòn Siyon, l'ap gwonde. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale byen fò. Syèl la ak latè a ap tranble. Men, se Seyè a k'ap pwoteje pèp li a. Se li k'ap pran defans moun Izrayèl yo.
17Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Mwen rete sou mòn Siyon, mòn yo mete apa pou mwen an. Jerizalèm va yon lavil apa pou Bondye. Moun lòt nasyon yo p'ap ka pran l' pou yo ankò.
18¶ Jou sa a, mòn yo pral kouvri ak jaden rezen. Bèf pral sou tout ti mòn yo. Va gen kont dlo nan larivyè peyi Jida yo. Yon sous dlo pral koule soti nan kay Seyè a. Li pral wouze bafon zakasya yo.
19Peyi Lejip pral tounen yon savann dezole. Peyi Edon pral tounen yon dezè. Paske, yo te fè moun peyi Jida yo mechanste, yo te touye yon bann inonsan nan peyi yo.
20-(we vèsè pwochen)
21Men, m'a pran revanj moun yo te touye yo. Mwen p'ap fè pa moun ki koupab yo. Men, va gen moun rete nan peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm pou tout tan. Epitou, mwen menm, Seyè a, m'a fè mòn Siyon an tounen kay mwen ankò.

Permissions in this forum:
You cannot reply to topics in this forum
|
|
Tue Jul 10, 2012 10:14 pm by Ayiti lavni
» WHAT AGE IS THE BEST TIME TO GET MARRIED AND WHAT DOES IT REQUIRES?
Sat Jun 25, 2011 12:08 pm by mama
» BENEDICT LAMARTINE EASTER CONCERT 2010 IN BROOKLYN NEW YORK BACK STAGE AND INTERVIEW
Wed Sep 29, 2010 4:02 pm by Darynn_2_David
» (Cont'd from Facebook...)How does God feel about tattoos? ..."Everyone else does it."
Wed Sep 08, 2010 9:02 pm by His Glory!
» Condemnation??? "...easier for camel to go through eye of a needle than for a person of this generation to enter kingdom of heaven."
Wed Sep 08, 2010 5:12 pm by His Glory!
» HEALING CENTER IN LEVITTOWN PENNSYLVANIA APRIL 2010 SERVICE HIGHLIGHTS
Fri Jul 16, 2010 9:04 pm by ya gen bezwenm
» ELSHAMA MUSIC VIDEO PREMIER FOR HAITI TITLED "BOKOTEM" WATCH NOW
Fri Jul 16, 2010 8:59 pm by ya gen bezwenm
» MIRACLE GOSPEL BAND EXCLUSIVE SONGS
Thu Jun 24, 2010 6:02 pm by His Glory!
» Do you believe in "the one?" How do you know he or she is the one?
Thu Jun 24, 2010 5:51 pm by His Glory!