Latest topics
Who is online?
In total there are 10 users online :: 0 Registered, 0 Hidden and 10 Guests None
Most users ever online was 259 on Sun Jul 04, 2021 12:48 pm
EGZOD CHAPIT 15
2 posters
LEVANJILTV :: THE BIBLE :: EXZOD
Page 1 of 1
EGZOD CHAPIT 15
Egzòd 15
1¶ Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Seyè a. Men sa chante a di: -M'ap chante pou Seyè a, paske li genyen batay la. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè.
2Seyè a, se tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'. Se Bondye mwen li ye, m'ap fè lwanj li. Se Bondye zansèt mwen yo, m'ap di jan li gen pouvwa.
3Seyè a, se yon vanyan sòlda. Se Seyè yo rele l'.
4Li voye cha farawon yo ansanm ak tout lame l' a jete nan lanmè. Li fè pi bon sòlda li yo mouri neye nan lanmè Wouj la.
5Lanm lanmè a kouvri yo. Yo fè fon tankou ròch.
6Seyè, fòs bra dwat ou se kokenn zafè! Seyè, fòs bra dwat ou kraze lènmi an!
7Jan ou gen anpil pouvwa sa a, Seyè! Ou kraze moun k'ap goumen avè ou yo. Ou fè yon sèl kòlè, ou boule yo tankou dife nan pay.
8Nan kolè ou, ou soufle. Souf ou fè dlo a ranmase kò l'. Lanm yo kanpe dwat tankou yon miray. Dlo a vin di nan mitan lanmè a.
9Lènmi an te di: M'ap kouri dèyè yo, m'ap pran yo. M'ap separe tout richès yo, m'ap pran tou sa m' vle. M'ap rale nepe mwen, avèk fòs ponyèt mwen, m'ap disparèt yo.
10Ou annik fè yon ti van leve, lanmè a kouvri yo. Lanmè a te move, yo desann nan fon tankou plon.
11Seyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou?
12Ou annik lonje men dwat ou, tè a vale yo tou vivan.
13Paske ou gen bon kè, ou mennen pèp ou delivre a, avèk fòs ponyèt ou, ou mennen yo nan peyi ki apa pou ou a.
14Lòt pèp yo pran nouvèl sa ki pase, yo pran tranble tèlman yo pè. Yon sèl vant fè mal pran moun Filisti yo.
15Ata chèf peyi Edon yo te pè anpil. Vanyan gason peyi Moab yo pran tranble. Tout moun nan peyi Kanaran pèdi kouraj.
16Yon sèl kè kase, yon sèl sezisman pran yo. Avèk fòs ponyèt ou, ou fè yo rete rèd san yo pa kapab fè anyen. Ou fè yo rete konsa jouk pèp ou a fin pase, Seyè, wi, jouk pèp ou delivre a fin pase!
17Wa mennen yo, w'a plante yo sou mòn ki pou ou a, Seyè, sou mòn kote ou pare pou kay ou a, kay ou bati pou ou a, Seyè.
18Seyè a ap gouvènen pou tout tan.
19Chwal farawon yo ansanm ak tout cha ak kavalye yo te tonbe nan lanmè. Seyè a fè dlo a tounen nan plas li. Dlo a kouvri yo tout. Men, moun pèp Izrayèl yo menm te mache nan fon lanmè a tankou sou tè sèk.
20Miryam, sè Arawon an, te yon pwofèt. Li pran yon tanbouren nan men l', tout medam yo t'ap mache dèyè l', yo t'ap bat tanbouren, yo t'ap danse.
21Miryam t'ap chante pou yo, li t'ap di moun pèp Izrayèl yo: Annou chante pou Seyè a! Paske li genyen yon bèl batay! Li voye chwal yo jete nan fon lanmè ak tout kavalye yo sou yo.
22¶ Moyiz fè moun Izrayèl yo pati kite bò lanmè Wouj la. Yo mete tèt yo sou bò dezè Chou a. Yo t'ap mache depi twa jou nan dezè a san yo pa jwenn gout dlo pou yo bwè.
23Yo rive yon kote ki rele Mara. Men, yo pa t' kapab bwè dlo ki te la a, paske li te twò anmè. Se poutèt sa yo rele kote a Mara.
24Pèp la pran bougonnen sou do Moyiz nan dezè a. Yo mande l': -Atò, kisa pou nou bwè koulye a?
25Moyiz rele Seyè a, li lapriyè nan pye l'. Seyè a moutre l' yon kalite pyebwa. Moyiz lage branch bwa a nan dlo a, dlo a vin dous. Se la Seyè a te ba yo lòd ak regleman pou yo swiv. Se la li t'ap chache sonde yo.
26Li di yo: -Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Si nou koute m' lè m' pale nou, si nou fè tout sa ki dwat devan mwen, si nou louvri zòrèy nou pou swiv kòmandman mwen yo, pou nou kenbe lòd mwen ban nou, mwen p'ap voye malè sou nou, jan mwen te fè moun peyi Lejip yo. Se mwen menm, Seyè a, k'ap geri nou.
27Apre sa, yo rive Elim, yon kote ki te gen douz sous dlo ak swasanndis pye dat. Yo rete la, yo moute tant yo bò dlo a.

Re: EGZOD CHAPIT 15
Dapre mwen Egzod 15 vese 1 e 2 fem santi ke nou dwe bay Seza saki pou Seza e bay BonDye sa ki pou BonDye for there will be a time that if you do not know what God has done for you to give him glory, it is trouble. Because it is in giving God glory, you will receive your blessing. Have a Godly day!
Ipromene- Number of posts : 29
Registration date : 2009-08-11
LEVANJILTV :: THE BIBLE :: EXZOD
Page 1 of 1
Permissions in this forum:
You cannot reply to topics in this forum
|
|
Tue Jul 10, 2012 10:14 pm by Ayiti lavni
» WHAT AGE IS THE BEST TIME TO GET MARRIED AND WHAT DOES IT REQUIRES?
Sat Jun 25, 2011 12:08 pm by mama
» BENEDICT LAMARTINE EASTER CONCERT 2010 IN BROOKLYN NEW YORK BACK STAGE AND INTERVIEW
Wed Sep 29, 2010 4:02 pm by Darynn_2_David
» (Cont'd from Facebook...)How does God feel about tattoos? ..."Everyone else does it."
Wed Sep 08, 2010 9:02 pm by His Glory!
» Condemnation??? "...easier for camel to go through eye of a needle than for a person of this generation to enter kingdom of heaven."
Wed Sep 08, 2010 5:12 pm by His Glory!
» HEALING CENTER IN LEVITTOWN PENNSYLVANIA APRIL 2010 SERVICE HIGHLIGHTS
Fri Jul 16, 2010 9:04 pm by ya gen bezwenm
» ELSHAMA MUSIC VIDEO PREMIER FOR HAITI TITLED "BOKOTEM" WATCH NOW
Fri Jul 16, 2010 8:59 pm by ya gen bezwenm
» MIRACLE GOSPEL BAND EXCLUSIVE SONGS
Thu Jun 24, 2010 6:02 pm by His Glory!
» Do you believe in "the one?" How do you know he or she is the one?
Thu Jun 24, 2010 5:51 pm by His Glory!