Latest topics
Who is online?
In total there are 9 users online :: 0 Registered, 0 Hidden and 9 Guests :: 1 BotNone
Most users ever online was 259 on Sun Jul 04, 2021 12:48 pm
Jenèz Chapit 10
Page 1 of 1
Jenèz Chapit 10
Jenèz 10
1¶ Apre gwo inondasyon an, pitit Noe yo, Sèm, Kam ak Jafè, te fè pitit. Men non pitit gason yo te fè.
2Men pitit gason Jafè yo: Se te Gomè, Magòg, Madayi, Javan, Toubal, Mechèk ak Tiras.
3Gomè te fè twa pitit gason. Achkenaz, Rifat ak Togama.
4Se Javan ki te papa Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim.
5Se tout pitit ak pitit pitit Jafè yo sa ki zansèt tout moun k'ap viv nan zile yo, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon.
6¶ Men pitit gason Kam yo. Se te Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran.
7Kouch te fè senk pitit gason: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Rama menm te gen de pitit gason: Seba ak Dedan.
8Kouch te gen yon lòt pitit gason yo te rele: Nimwòd. Nimwòd sa a, se premye moun ki te gwo chèf sou latè.
9Se te yon gwo chasè devan Seyè a. Se poutèt sa yo di. Gwo chasè devan Bondye tankou Nimwòd.
10Nan peyi kote li t'ap gouvènen an te gen lavil sa yo: Babèl, Erèk, Akad, Kalne nan peyi Chenea.
11Apre sa, li kite peyi a, li ale lavil Asou. Men lavil li bati yo: Neniv, Reobòt-Ir, Kalak.
12Lèfini, li bati lavil Rezèm ant Neniv ak Kalak. Kalak sa a te yon gwo lavil.
13Mizrayim fè pitit. Se yo ki zansèt moun peyi Lidi, peyi Anan, peyi Leyab ak peyi Naftou,
14peyi Patwous, peyi Kaslou ak peyi Kaftò. Se nan peyi Kaslou sa a moun Filisti yo soti.
15¶ Premye pitit Kanaran se te Sidon. Apre sa vin Et.
16Se Kanaran tout ki papa Jebis, Amori, Gigach,
17Evi, Aka, Seni,
18Avad, Zema, Amat. Apre sa tout fanmi Kanaran yo gaye.
19Lizyè tè moun Kanaran yo pati depi lavil Sidon, li mete tèt sou Gera jouk li rive Gaza. Apre sa, li vire sou Sodòm ak Gomò, Adma ak Seboyim jouk li rive Lecha.
20Se tout pitit ak pitit pitit Kam yo sa, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon.
21¶ Sèm te gran frè Jafè. Li te gen anpil pitit tou. Se li ki te zansèt tout pitit Ebè yo.
22Men pitit gason Sèm yo. Se te Elam, Asou, Apachad, Lidi ak Aram.
23Men pitit Aram yo. Se te Ouz, Oul, Getè ak Mach.
24Se Apachad ki te papa Chelak. Chelak menm te papa Ebè.
25Ebè te gen de pitit gason. Yonn te rele Pelèg, paske se nan tan li moun sou latè te divize yonn ak lòt. Yo te rele frè l' la Joktan.
26Joktan te papa Almodad, Chelèf, Azmavèt, Jerak,
27Adoram, Ouzal, Dikla,
28Obal, Abimayèl, Seba,
29Ofi, Avila ak Jobab. Yo tout se pitit Joktan yo te ye.
30Tè kote yo t'ap viv la te pran depi lavil Mecha, li moute kote lavil Sefa, jouk mòn ki bò kote solèy leve a.
31Se tout pitit ak pitit pitit Sèm yo sa, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon.
32tout moun sa yo se branch fanmi pitit Noe yo, dapre zansèt yo, nasyon pa nasyon. Apre gwo inondasyon an, tout nasyon ki sou latè soti nan pitit Noe yo.

Permissions in this forum:
You cannot reply to topics in this forum
|
|
Tue Jul 10, 2012 10:14 pm by Ayiti lavni
» WHAT AGE IS THE BEST TIME TO GET MARRIED AND WHAT DOES IT REQUIRES?
Sat Jun 25, 2011 12:08 pm by mama
» BENEDICT LAMARTINE EASTER CONCERT 2010 IN BROOKLYN NEW YORK BACK STAGE AND INTERVIEW
Wed Sep 29, 2010 4:02 pm by Darynn_2_David
» (Cont'd from Facebook...)How does God feel about tattoos? ..."Everyone else does it."
Wed Sep 08, 2010 9:02 pm by His Glory!
» Condemnation??? "...easier for camel to go through eye of a needle than for a person of this generation to enter kingdom of heaven."
Wed Sep 08, 2010 5:12 pm by His Glory!
» HEALING CENTER IN LEVITTOWN PENNSYLVANIA APRIL 2010 SERVICE HIGHLIGHTS
Fri Jul 16, 2010 9:04 pm by ya gen bezwenm
» ELSHAMA MUSIC VIDEO PREMIER FOR HAITI TITLED "BOKOTEM" WATCH NOW
Fri Jul 16, 2010 8:59 pm by ya gen bezwenm
» MIRACLE GOSPEL BAND EXCLUSIVE SONGS
Thu Jun 24, 2010 6:02 pm by His Glory!
» Do you believe in "the one?" How do you know he or she is the one?
Thu Jun 24, 2010 5:51 pm by His Glory!