Latest topics
Who is online?
In total there are 10 users online :: 0 Registered, 0 Hidden and 10 Guests None
Most users ever online was 259 on Sun Jul 04, 2021 12:48 pm
Jenèz Chapit 5
Page 1 of 1
Jenèz Chapit 5
Jenèz 5
1¶ Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'.
2Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun.
3Adan te gen santrantan (130 an) lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l' tèt koupe, li rele l' Sèt.
4Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
5Lè Adan mouri li te gen nèfsantrantan (930 an).
6¶ Sèt te gen sansenkan (105 an) lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòk.
7Apre nesans Enòk, Sèt viv witsansetan (807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
8Lè Sèt mouri, li te gen nèfsandouzan (912 an).
9Enòk te gen katrevendizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan.
10Apre nesans Kenan, Enòk viv witsankenzan (815 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
11Lè Enòk mouri, li te gen nèfsansenkan (905 an).
12Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl.
13Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan (840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
14Lè Kenan mouri, li te gen nèfsandizan (910 an).
15Malaleyèl te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd.
16Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan (830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
17Lè Malaleyèl mouri, li te gen witsankatrevenkenzan (895 an).
18Jerèd te gen sanswanndezan (162 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk.
19Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
20Lè Jerèd mouri, li te gen nèfsanswasanndezan (962 an).
21¶ Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela.
22Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
23-
24Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'.
25¶ Metouchela te gen sankatrevensètan (187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk.
26Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan (782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
27Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan (969 an).
28¶ Lemèk te gen sankatrevendezan (182 an) lè li vin gen yon pitit gason.
29Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a.
30Apre nesans Noe, Lemèk viv senksankatrevenkenzan (595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
31Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan (777 an).
32Noe te gen senksanzan (500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.

Permissions in this forum:
You cannot reply to topics in this forum
|
|
Tue Jul 10, 2012 10:14 pm by Ayiti lavni
» WHAT AGE IS THE BEST TIME TO GET MARRIED AND WHAT DOES IT REQUIRES?
Sat Jun 25, 2011 12:08 pm by mama
» BENEDICT LAMARTINE EASTER CONCERT 2010 IN BROOKLYN NEW YORK BACK STAGE AND INTERVIEW
Wed Sep 29, 2010 4:02 pm by Darynn_2_David
» (Cont'd from Facebook...)How does God feel about tattoos? ..."Everyone else does it."
Wed Sep 08, 2010 9:02 pm by His Glory!
» Condemnation??? "...easier for camel to go through eye of a needle than for a person of this generation to enter kingdom of heaven."
Wed Sep 08, 2010 5:12 pm by His Glory!
» HEALING CENTER IN LEVITTOWN PENNSYLVANIA APRIL 2010 SERVICE HIGHLIGHTS
Fri Jul 16, 2010 9:04 pm by ya gen bezwenm
» ELSHAMA MUSIC VIDEO PREMIER FOR HAITI TITLED "BOKOTEM" WATCH NOW
Fri Jul 16, 2010 8:59 pm by ya gen bezwenm
» MIRACLE GOSPEL BAND EXCLUSIVE SONGS
Thu Jun 24, 2010 6:02 pm by His Glory!
» Do you believe in "the one?" How do you know he or she is the one?
Thu Jun 24, 2010 5:51 pm by His Glory!